Harmonik - Intro (Trezo'm) paroles de chanson

paroles de chanson Intro (Trezo'm) - Harmonik




Cheri ou se trezò kè'm
M'ap chante pou ou jodi a
Pou di'w tout sa'w vle di pou mwen
Pou'm anbeli'w paske'm renmen'w
Premye fwa rega'n kontre
Kè'm danse tankou papiyon
Mwen wè'n pa ezite
Lanmou'm son melodi san fen
Nan je'w mwen tout zetwal yo
Nan souri'w mwen jwenn paradi
Nan bra'w se lakay mwen
Kè'w se tout richès mwen
Cheri ou se trezò kè'm
Se ou ki fè'm santi'm wa
Menm nan pwofon fènwa
Lanmou'w klere chemen mwen
Menm lapli tonbe
Prezans ou se parapli'm
Pou chak riyèl dlo nan je'w
M'ap plante mil flè damou (oh-oh)
Nan je'w mwen tout zetwal yo
Nan souri'w mwen jwenn paradi
Nan bra'w se lakay mwen
Kè'w se tout richès mwen
Cheri ou se trezò kè'm
Se ou ki m santi'm wa



Writer(s): Nickenson Prudhomme


Harmonik - IDANTITE'N
Album IDANTITE'N
date de sortie
02-02-2025




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.