Nickenson Prud'homme - Si yon jou paroles de chanson

paroles de chanson Si yon jou - Nickenson Prud'homme



Se Bondye pou'm ta mande
Pou'l aprann nou padone
Se Bondye pou'm ta mande
Èske m'ap ka viv san ou
Se Bondye pou'm ta mande
Nou dwe mande'l padon
Lè'n sa ki pa bon
Lè'm wèw devan'm ta mete'm ajenou
Me a culpa se fòt mwen
Pou jann separe
Toujou ap boulvèse
Tèt mwen prèske pati, tèlman m'ap reflechi
Se Bondye pou'm ta mande
Pou'l aprann nou padone
Se Bondye pou'm ta mande
Èske m'ap ka viv san ou
Se Bondye pou'm ta mande
Pat vle mande'w padon
Malgre'm pat gen rezon
Mwen kite'w ale san esplikasyon
Pou mwen se sa ki te pi bon
Mwen pa'p mande'w tounen
Men mwen vle fè'w konnen
Lanmou pa dwe mal
Menm sil ta mande anpil sakrifis
Pou jan'w te renmen mwen
Sakrifis ou pou mwen
Men tout sa pat jamè sifi
Mwen te pran plezi, pou mwen te mal aji
M'te kwè nan fè'w soufri
Mwen te si tèlman pat gen
Men aprezan le kontrè
San ou tèt m'ap pati
Se Bondye pou'm ta mande
Pou'l aprann nou padone
Se Bondye pou'm ta mande
Èske m'ap ka viv san ou
Se Bondye pou'm ta mande
Pou jan'w te renmen mwen
Sakrifis ou pou mwen
Men tout sa pat jamè sifi
Mwen te pran plezi, pou mwen te mal aji
M'te kwè nan fè'w soufri
Mwen te si tèlman pat gen
Men aprezan le kontrè
San ou tèt m'ap pati
Ou se bonè mwen
Viktwa lanmou an mwen
Enspirasyon mwen
Vini pi pre mwen pa ale mwen cheri
Ou se bonè mwen
Viktwa lanmou an mwen
Enspirasyon mwen
Vini pi pre mwen pa ale mwen cheri
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi nou ta bèl, lavi nou t'ap bèl
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi'n ta bèl, lavi nou t'ap bèl
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi nou ta bèl, lavi nou t'ap bèl
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi'n ta bèl, lavi nou t'ap bèl
Ou se bonè mwen
Viktwa lanmou an mwen
Enspirasyon mwen
Vini pi pre mwen pa ale mwen cheri
Ou se bonè mwen
Viktwa lanmou an mwen
Enspirasyon mwen
Vini pi pre mwen pa ale mwen cheri
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi nou ta bèl, lavi nou ta bèl
Si yon jou Bondye ta ba'w chans padone
Lavi'n ta bèl, lavi nou ta bèl.



Writer(s): Marc Lubin, Nickenson Prudhomme


Nickenson Prud'homme - Dwèt selès beni
Album Dwèt selès beni
date de sortie
19-07-2011




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.