Waahli - Bliye sa paroles de chanson

paroles de chanson Bliye sa - Waahli



Nou gen wa, nou gen ren nou fò, nou gen pouvwa
Se pou sa, yo te mande m ' ki jan nou pa ka chita
Se met ko, ki veille ko, gen moun ki pale twòp
Se pa yo ki gade, lang yo, on ti jan pwòp
Pa enkyete, lap tounen, eksperyans lan li bezwen
Bouche nen ou, pou ka bwè, mem si dlo an senti
Zwazo li nich li, kay li te kite'l
Ou kre li te pèdi, men non mon che men li
Piti piti pa kouri, ou se rich malere
Nou ka rèdi, tankou frèdi, gade gade nou fek rive
Piti tig se tig, nou gen travay pou nou
Nou pa gen fatig, bagay sa li pi gwo pase ou
Santi bon koute che, yap touche salè
Gen le e sa mwen pa konnen, yo te dim lot jou
Gen yo ki kon kouri, e yo pa kon kache
Me mare a ap monte, nou we sa ka naje
Yo pa vle pou nou di 'n te la
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
An mnet rad sou nou, nou pral soti aswè
Lan nwit lanjèn, li semble li pap tounen granmoun
Gade, gen moun chak jou, ap pouse style sou nou
Jodia nou fre, nou bat fe tankou se kalalou
Mwen te fon on rèv, nou tout bezwen tande li
Mwen te gon malet, mwen t ap mache deyò, on moun mande'm
An pran pose popo, m'gade m' reponn
Se on dosye ki rele 1804
Semble yo fou, yo pa bwè, yo vle pou'm bliye,gen le yo sou
Map fè'o tounen lakay, gaye ou pa gen kou
Gade jan nou lage sou nou
An selebre tankou nou fin manje on soup joumou
Yo pa vle pou nou di 'n te la
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Leve ______Rele
Gade ki jan nou kon fwette
Devan ________ Deye
Si ou an vi, mete men'u an le
Si ou an vi, mete men'u an le
Fon gade deye, pou n'bouje devan
Gade timoun yap grandi, fo kite'l pale
Fon gade deye, pou n'bouje devan
Pa pouse'l a mon che, on jou nou pral rive
Gade moun yo di yo la
E menti yap bay kounya
Sa fe date mon che nou la, e nou pap bouje e saaa
Yo pa vle pou nou di 'n te la
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa
Me jodi yo met bliye sa



Writer(s): Daniel Russo Garrido, Frank O Sullivan, Ralph Odman Joseph


Waahli - Bliye sa
Album Bliye sa
date de sortie
10-07-2020




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.