BélO - Detripay текст песни

Текст песни Detripay - BélO



Kloutoup, Kloutap, Miwo Miba
Klopi, klopan, nou tèt anba
Nap tatonnen, Je'n nan Nwaaa (ye)
Nap monte mòn sou Janm de bwa
Anye, Anye, Anaaaannn, non non non
Lanvè, Landrèt, douvan dèyè
Rèv Depaman twokèt Malè
Kazak ranyon karakosal
Kolèt Debraye jwèt bosal
On kout Kleren nou an Zig zag
Lavi yon pèp tounen yon blag
Pètigren petèt Maryela poto san fil Jwenn Madigra
Li anòmal men li nòmal
Yon lamayak nan kanaval
On kadejak sou yon pope Twal
Yon pi detwal lan plas Zetwal
(Aaaan Hanaanny, Anyanyanyey, aananananyyyy)
Kloutoup Kloutap Miwo Miba
Klopi klopan nou tèt anba
Nap tatonnen Je'n nan Nwa, (ye)
Nap monte mòn sou Janm de bwa
Tifi Douzan kap twotwa
Anfans yo make ak Kout Ba
Yon ti Flè ki pandye lan kochma
Kap bouske lavi nan Fatra
Timoun kap Drive nan Lari
On kòk poko menm Finn Grandi
Kap vann plezi pran Maladi
Kase lèzo anba galri
Fòn Ta ekri sa nan Listwa
Doulèk nan ren Mache anba a
Inosans vann nan bak lavil
Barèt, Riban, u poupe Fil
(Ananaannyèyyy)
Gade dezòd nan lakou wa
(Mezanmil pa nòmal)
Pwoblèm nan lakou wa
(Mezanmil pa nòmal)
Gade Dezòd nan lakou wa
(Mezanmil pa nòmal)
Pwoblèm nan lakoum nan
(Mezanmil pa nòmal)
Li pa nòmal, Ii pa nòmal, Li pa nòmal
Li Pa nòmal, Li pa nòmal, li pa nòmal
Li pa nòmal
Men pwoblem yo la, yo la, yo la
Pwoblèm yo mare pyè'n
Pwoblèm yo prechén



Авторы: Jean Belony Murat


BélO - Natif natal
Альбом Natif natal
дата релиза
04-04-2014




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.