Harmonik - Diferan текст песни

Текст песни Diferan - Harmonik



Mwen diferan
Mwen konnen m pa bèl gason e yo di mwen sa souvan, oh, non!
Mwen diferan
Mwen konnen mwen pa jènjan
E nan je w m pa enpòtan, oh, non, eh!
M konnen m pa yon selebrite
m ap mache yo kanpe
Pou fawouche m ak sa m sanble e jan m mache
Pami tout nèg ki sou latè
Mwen se dènye ou t ap janm
Sa pa detounen kouraj mwen ak volonte mwen
Mwen diferan
M gen dwa pa nan gou w, men m konnen mwen gen konpetans, oh, non!
Mwen diferan
Tout gason ap fou pou ou
E m sèten yo gen rezon (oh, non, eh)
Mwen pa ka fache ak Bondye
Pou l envante m yon lòt fason
Pou li chanje yon vye krapo an 'prince charmant'
Nan je w, se pa yon zanj mwen ye
Men sa ki anndan m se li k konte
Kite m montre w kouraj mwen ak volonte mwen
Si w te ka ban m yon chans
Pou w dekouvri anndan mwen, oh, oh-oh-oh!
Gade nan mwen, baby
Pa gad sou aparans mwen
Gade nan mwen, baby
Gade nan mwen, baby
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a
Oh, mwen pa flannè, ni m pa konn abiye
Men m genyen konesans ak larezon
M p ap ka mennen w voyaje tout kote
Men, si ou vle ale sou do m, m ap pote w
Cheri, m diferan
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a
Let me show you
How I love you
Let me show you
Oh, mwen pa flannè, ni m pa konn abiye
Men m genyen konesans ak larezon
M p ap ka mennen w voyaje tout kote
Men, si ou vle ale sou do m, m ap pote w
Cheri, m diferan
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a
Kwè m, kwè m, kwè m, mwen diferan
Cheri, mwen diferan
Met men w sou m, w a
Gade nan m, w a



Авторы: Mackendy Talon, Sanders Solon


Harmonik - Diferan
Альбом Diferan
дата релиза
04-08-2015




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.