Roody Roodboy - Ou mechan текст песни

Текст песни Ou mechan - Roody Roodboy



Prezidan Roody eskew pap pale de problèm yo
Prezidan Roody ki solisyonw gen pou problèm
(2fwa).
Siw peye EDH lakay ou
Met 2 menw anlè bat menw
PLA PLA PLA
Siw peye DINEPA lakay ou
Met 2 menw anlè bat menw
PLA PLA PLA
KÈ.
Entèlektyèl paka jwenn travay
Abolotcho ap jwenn chèk
Bay Zam nan gettho nèg batay
Sesa chak jou n konte kèk
Jouk kilè
Bwat leta yo ap sispann gen koripsyon
Jouk kilè
Na sispann bay ti pèl la manti eleksyon
Jouk kilè
Na sispann konfonn vyolans avèk opozisyon
Jouk kilè
Na konsyantize poun bay pèp la bon direksyon
Pèp la nan nesesite
Manke inivèsite
Pagen elektrisite
Touris vin vizite
FÒk sa chanje
Fòk sa chanje
Fòk sa chanje
Fòk sa chanje
Fòk sa chanje
Timoun yo paka al lekol
Pagen pwodiksyon agrikòl
Palmantè san pwotokòl
Devan blan yap pote kòl
Fòk sa chanje (5fwa)
Gaspiye lajan nan bel knaval
Pagen ase ekipman lopital general
Ensekirite a menm li pi mal
Pagen ankadreman pou polis nasyonal
Woy kafou ayopò
Bow ou tande ou tonbe
Monte petion ville
Bow ou tande ou tonbe
Pòtay leogane
Bow ou tande ou tonbe
Rive kafou
Bow ou tande ou tonbe
Konbyen manman?
Konbyen pitit?
Ou kite ak dlo nan je zanmi
Fòk sa chanje
Fòk nou grandi
Imaj sa pabon
Li li tan poun aprann reflechi
Lèw boule on mache
Kotew lage madan sara yo?
Wap manifeste
Poukisaw kraze vit machin yo?
Pa peye profesè
Kotew lage elèv lekol yo
Plede grèv
Kotew lage sak vle travay yo?
Woy ou mechan
Mechan(3fwa)
Anmwe zanmi zanmim ou mechan
Mechan(3fwa)
Woy ou mechan
Ayisyen parey mwen yo nou mechan
Lèw boule on mache
Kotew lage madan sara yo?
Wap manifeste
Poukisaw kraze vit machin yo?
Pa peye profésè
Kotew lage elèv lekol yo
Plede grèv
Kotew lage sak vle travay yo?
Woy ou mechan ...
Ou di bezwen mete la anndan
Peyi a
Ou diw bezwen sekirite anndan peyi a
Poukisaw pajanm vle monte chèk
La polis la
Li te lèl te tan pouw te voye ale minista
Woy ou mechan...
Woy mayo
Vire anlè
Mouchwa
Vire anlè
Kepi
Vire anlè
Drapo
Vire anlè
Vire anlè
Siw ap fete san vyolans
Leve men dwat anlè
Siw pagen kouto nan menw
Leve men goch anlè
Siw pagen katachpika
Leve 2 menw anlè
E si tout fwa wap byen pase
Fèm nou tout ap balance
Yo
Balance yo
Si wap fete san vyolans ...
Brad rent car manman
Woy woy
Joker elektronik manman
Nou refèl ankò
Atalon micro system manman
Woy woy
HAINET ak MKtel manman
Nou refèl ankò
SuZukil ye
Shell rottella l ye
Criollito Rhum bakara l ye
Mache ti tony et Sogener
ZAMABRE ZAMABRE
EYA PAPA EYA PAPA
Woy ZAMABRE ZAMABRE
EYA PAPA. EYA PAPA
Nou pedi Manno
Manno Charlemagne
Nou pedi Boulo
Boulo Valcourt
Ou menm ki gen lavi
Fòk nou Louwe l
Fòk ou ka louwe li
Fòk nou louwé li
Louwé louwe louwe
Louwé Letènel la
Louwé louwé
2 menm anlè pou Letènel la
ZAMABRE. ZAMABRE...



Авторы: Roody Petuel Dauphin


Roody Roodboy - Mizik nou an ap viv
Альбом Mizik nou an ap viv
дата релиза
05-11-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.