Kai feat. Richard Cavé - Malade (feat. Richard Cavé) текст песни

Текст песни Malade (feat. Richard Cavé) - Kai feat. Richard Cavé



Eya a, eya eya
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou mwen konnen kijan mwen ye
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou doktè di'm ke ça va mal
M'annik gade nan je w mwen malè
Pou sa mwen sakrifye pouk a avè m
Se chak jou m lapriyè,
Chak jou m woule chaplè
Chak jou'm limen balèn poum ka klè
E m'ap toujou malad
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen'w renmen'l tou
Malad, mwen pap janm geri
W'avè mwen jodi a, ou te avè'l yèswa
Chante
Eya a, eya eya
Mwen pa bezwen ale ka gangan
Pou mwen konnen ke mwen
Pa byen
Mwen pa bezwen tranpe pye'm nan dlo
Pou lwa yo di'm ke mwen nan cho
Pinga'w fòse'm vale remèd bliye
M'eseye konbyen fwa sa pa mache
Medikaman'm se ou, menm si doulè m se ou
Menm sim soufri chak jou, mpap janm lage
E map toujou malad
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen w renmen l tou
Malad, mwen pap janm geri
Wavè mwen jodi a, ou te avèl yèswa
Malad, mwen pap janm geri
Map kontinye soufri
Renmenw se maladim
Sa son lòt Kaï
Nou fon lòt bagay
Ti Klod, nou pa fo mouvman
Nou fon lòt mouvman
Pa vle konsiltasyon
Pike'm, pike'm nan tout kò'm
Mwen bezwen sewòm sa a menm si ou fè'm malad
Pike'm, pike'm nan tout kò'm
Mwen bezwen sewòm sa a menm si ou m malad
Pike'm, pike'm nan tout kòm
Mwen bezwen sewòm
Malad, mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen, mwen konnen'w renmen'l tou
Malad, mwen pap janm geri
Ou avè m jodi a, ou te avè l yèswa
Malad, mwen pap janm geri
Map kontinye soufri
Renmen'w se maladi'm




Kai feat. Richard Cavé - Malade (feat. Richard Cavé) - Single
Альбом Malade (feat. Richard Cavé) - Single
дата релиза
21-11-2016



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.