BélO - Pap Negosye Lyrics

Lyrics Pap Negosye - BélO



Mwen se yon nonm
Ki toujou poze sanm
Poutan mwen byen gen nanm
Mwen kon yon black woman
Ki di′m mwen pa djanm
Djanm
Ala'm konnen′m son don
Pou jan mwen renmen fanm
Menm pran ti prekosyon'm
Pou'm pa pwan kabann
Twò presse, pa fouti jou louvri
Mwen kon enpòtans lavi
M′pa vle tonbe nan kouri
Sa fè′m reflechi
Mwen pap negosye si'l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Men′m si egare m'pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou′m wè'l se danje
Menm si′m fè'w konfyans mwen pa vle pran chans
Ti neglijans gen gran konsekans
Sevre m fè'w konfyans men mwen pap pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans
Mwen pa anvi negosye non non non
Mwen pa santi′m oblije non
Pa ensiste
Pa touye tèt ou nan pwav
Pou piman pap chè
Gen de plezi se antrav
Pran tèt ou mon chè
Fò′w pa sèlman gade sou botel
Sak pou ou anyen paka bwotel
Mwen ka konpran ke manmzèl atire'w
Men fò′w pran san'w pou malè pa rive′w
Yon minit refleksyon kapab ba'w lavi
Plezi san proteksyon lage′w nan kouri
Mwen pap negosye si'l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Menm si egare m'pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou′m wè′l se danje
Menm si'm fè′w konfyans mwen pa vle pran chans
Tout ti neglijans gen gran konsekans
Sevre m fèw konfyans men mwen pap pran chans
Ti neglijans gen gran konsekans
Mwen pa anvi negosiye non non non
Mwen pa santi'm oblije non
Pa ensiste
Mwen jèn gason, avni′m nan men'm
Se mwen′k pou mennen'l
M'pa gen dwa negosye′l
Abstinans ou byen fidelite
Epi kapòt pou tout sa′k vle
Men pa negosye...
Mwen se yon nonm
Ki toujou poze sanm
Poutan mwen byen gen nanm
Mwen kon yon black woman
Ki di'm mwen pa djanm
Djanm
Ala′m konnen'm son don
Pou jan mwen renmen fanm
Menm pran ti prekosyon′m
Pou'm pa pwan kabann
Twò presse, pa fouti jou louvri
Mwen kon enpòtans lavi
M′pa vle tonbe nan kouri
Sa fè'm reflechi
Mwen pap negosye si'l pa pwoteje
Lavi koute chè li pa van nan mache
Men′m si egare m′pa jwe ak dife
Pa bezwen linèt pou'm wè′l se danje
Menm si'm fè′w konfyans mwen pa vle pran chans
Ti neglijans gen gran konsekans
Sevre m fè'w konfyans men mwen pap pran chans
Ti neglijans gen gran konsekans
Ti neglijans gen gran konsekans
Mwen pa anvi negosye eeeee
Mwen pa santi′m oblije non
Mwen pa anvii
Lavim se pou mwen se mwen k'ap jere'l
Mwen p′ap negosye′l oool



Writer(s): Jean Belony Murat


BélO - Référence
Album Référence
date of release
08-06-2006




Attention! Feel free to leave feedback.