BélO - Timoun Yo Lyrics

Lyrics Timoun Yo - BélO



Sa pa dwe
Sa pa dwe
Si w te ka pale ak dlo ki nan je m
Li ta di w ki sa m genyen
m ap kriye san rezon
Si w te ka pale ak batman k nan m
Li ta di w ki sa m
m palpite tout tan
Tout tan timoun yo nan touman
Ya koukouman, anba tout move van an
Pa gen moun ki f'on jan, adje!
Timoun jodi, granmoun demen
Se sa tout tan y ap klewonnen
Si sa k devan ba yo lamen
Mete yo sou bon chimen
W a yon jou
Kijan peyi mwen va chanje
Figi l va vin bèl tankou bijou
Men se pa sa m ditou
Sa prèt pou m fou
M kontinye reve sa toujou, adje!
Si w te ka pale ak dlo ki nan je m
Li ta di w ki sa m genyen
m ap kriye san rete
Si w te ka pale ak batman k nan m
Li ta di w ki sa m
m palpite tout tan
Mwen pa timoun yo nan chimen
Ki mennen yo nan limyè pou yo klè
Lespri m pa janm kab anpè, non!
Timoun sa yo, se yo k espwa Ayiti
Gad jan y ap drive nan lari
Yo anba solèy, lapli avèk fredi
Yo pa gen fanmi, ni zanmi
Timoun yo
Se bon semans yo k ap pote delivrans vre
Timoun yo
Se nou ki pou ba yo yon chans
Timoun yo
Fòk nou ankadre yo
Ankadre yo
Se yo ki avni peyi nou
Ede yo
Se yo menm ki kanè bank peyi nou
Yo konte sou nou pou pwodwi gwo interè
Timoun jodi, granmoun demen
Se sa tout tan y ap klewonnen
Si sa k devan ba yo lamen
Mete yo sou bon chimen
W a yon jou
Kijan peyi mwen va chanje
Figi l va vin bèl tankou bijou
Men se pa sa m ditou
Sa prèt pou m fou
M kontinye reve sa toujou, adje!
Timoun yo (timoun yo)
Se bon semans yo k ap pote delivrans vre
(Timoun yo)
Se nou ki pou ba yo yon chans, souple
(Timoun yo)
M di w se pou nou ankadre yo
Se pou nou ankadre



Writer(s): Barrow John Andrew, Murat Jean Belony


BélO - Référence
Album Référence
date of release
08-06-2006




Attention! Feel free to leave feedback.