BélO - Wozo Lyrics

Lyrics Wozo - BélO



Ayiti, cheri, ou k manman libète
Ou s'on bèl fanm ki pa sante
Bèl kout plim ou nan listwa limanite
Sa de ou yon senbòl fyète
Ou pa fanm ki pòt wòb pou bèl twal
Men ou se yon fanm senk etwal
Jodi a, ou tranble, w manke tonbe
Men w met rejwi paske pral leve pi fre
Ou se wozo, wi, ou se wozo
Mèt tande w pliye, ou p ap kase
Ou se wozo, wi, ou se wozo
Mèt tande w pliye, ou p ap kase
Se pa yon ti move tan y ap pase
Yo frape, nou la, nou toujou kenbe
Nou pase siklòn, nou pase tanpèt
Nou pa janm dekouraje
Se pa premye fwa gwo dlo pote y ale
Tout sa ke nou te posede
Tank nou la, fòk nou viv ak espwa
Si n travay, n ap leve
Nou se wozo, wi, nou se wozo
Mèt tande w pliye, n p ap kase
Nou se wozo, wi, nou se wozo
Mèt tande n pliye, n p ap kase
P ap kase
Madanm, mare senti w
Sere mouchwa w
Se vre nou tonbe, n leve
Pandan n ap di yon gwo mèsi ak tout moun ki te la
Pou te ban nou lespwa
N ap di yo "N la, n ap kenbe"
Wo-yoy! Nou se wozo, nou se wozo
Mèt tande n pliye, n p ap kase
Nou se wozo, wi, n se wozo
Mèt tande w pliye, n p ap kase
Se vre nou pliye, n pa kase
Wi! Nou pliye, n p ap kase
Menm si nou pliye, n p ap kase
Wi! Nou pliye, n p ap kase
Nou se wozo, nou se wozo, yeah!
Nou se wozo, nou p ap kase
Nou se wozo, nou se wozo
Nou se wozo, n p ap kase
Nou se wozo, wi, nou se wozo
Mèt tande w pliye, nou p ap kase
Nou se wozo, wi, nou se wozo
Mèt tande n pliye
Nou p ap kase



Writer(s): Belo, Jean Belony Murat


BélO - Dizan
Album Dizan
date of release
25-11-2016




Attention! Feel free to leave feedback.