BélO - Pa koute moun yo Lyrics

Lyrics Pa koute moun yo - BélO



Néo Burin
Gen moun, travay pa yo se pale
Ou menm, travay pa w se travay
Pa janm kite bouch moun mete baton nan wou w, ti gason
Travay, pitit gason mwen
Oh-oh-ooh
Oh-oh-ooh
Wo-oh-ooh (wo-oh, kouzen)
Oh-oh-ooh (pinga ou koute yo)
Oh-oh-ooh
Pa koute moun yo, pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
Pa koute moun yo, pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
W ap travay pou w vanse
Yon lòt menm chita l ap pale w mal
Y ap ret tann pou w tonbe
Pou l ka ri w, konsa li pa nòmal
Li pran anpil plezi kritike w
Alòske li pa p janmè ede w
Se li k ap taye zèb anba pye w
Lage po fig, po mango anba, anba pye w
Pa koute moun yo, pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
Pa koute moun yo, pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
Mmmh! Pa koute yo
Moun sa yo se djòb yo y ap fè, tande!
Pinga ou koute yo
Si w koute yo, ou p ap janm panse
Lavi a s'on bisiklèt, se anpil efò pou w
Si w sispann pedale, ou p ap janm rive
Gen de mou se kòm chiklèt, ou menm, fòk ou tèktèk
Yo pa janm voye wòch sou mango vèt, pa koute
Oh-oh-ooh (pa koute yo)
Oh-oh-ooh (pinga w koute yo)
Wo-oh-ooh (pa koute yo)
Oh-oh-ooh
Pa koute yo, pa koute
Moun sa yo se fjòb yo y ap
Pa koute yo, pinga ou koute yo
Moun yo se sa sèlman yo nan...
Oh-oh-ooh (pale yo ka pale)
Oh-oh-ooh (pale yo ka pale)
Wo-oh-ooh (travay m ap travay)
Oh-oh-ooh (lajan w pa ka egare m vre)
Pa koute moun yo, pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
Pa koute moun yo, pa koute moun yo (pa koute, pa koute yo)
Pa koute moun yo travay, yo mèt pale
Wo-oh-ooh (travay m ap travay)
Oh-oh-ooh (lajan w pa ka egare m vre)
Wo-oh-ooh (travay m vin travay)
Oh-oh-ooh (san konnen ki moun k ap peye mwen)




BélO - Dizan
Album Dizan
date of release
25-11-2016




Attention! Feel free to leave feedback.