BélO - Mwen Bouke paroles de chanson

paroles de chanson Mwen Bouke - BélO



Timoun ki pral lekòl
Pa ta dwe ap janbe kadav
Si n pa kole zepòl
Jou an jou, sa va pi grav
Si tout moun ret bouchbe
Tren malè sa pral kite ray
Grenn pa grenn, n ap tonbe
P ap gen moun nan lakou lakay
M santi m bouke san
K ap koulè nan tout kanal
Toupatou, se inosan k ap tonbe
Sa pa nòmal
Si n pa tanmen poze aksyon
Si n pa yon revolisyon
Nou p ap ka jwenn chanjman an
Yon revolisyon, san baton
San vyolans, san emosyon
Yon veritab mouvman
Li lè, li tan
Pou n sispann viv zak vyolans
Fòk nou f'on jan
Pou n frennen entolerans
Li lè, li tan
Pou n deside viv yon lòt jan
Wi! Fòk nou f'on jan
Pou n jwenn trankilite tout bon
Chak katouch ki tire
Nanm timoun yo vole
Yo pran kriye
Granmoun y ap priye
Se jou y ap konte
Pou yo sove
Yo di "Nou bouke" (santi n pa kapab ankò)
Bouke (bouke)
Nou bouke (mezanmi, n pa kapab ankò)
Nou bouke (bouke)
Nou bouke (santi n pa kapab ankò)
Nou bouke, non, non, non (bouke)
Nou bouke (mezanmi, n pa kapab ankò)
Nou bouke (bouke)
Nou bou...
Jodi a, gen dwa se pou ou
Li gen yon zam nan men l
Demen, gen dwa se ou tou
Ki genyen l anba men w
sa w ap di tou
Ou bouke
Ou bouke, non
Ou bouke
Ou bouke
Ou bouke
Ou bouke, non non
Ou bouke
Ou bouke, non, non, ye!




BélO - Référence
Album Référence
date de sortie
08-06-2006




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.