BélO - Fanm Kreyol paroles de chanson

paroles de chanson Fanm Kreyol - BélO



Jou ap pase, laj ap monte
Ou toujou la, toujou kenbe wi
On dirait ou pa janm bouke, manman
Malgre tout mizè w pase, ou kenbe, woy
Douvanjou, w gen tan sou de pye w
De timoun ap kriye nan pye w, youn sou do w
w al chèche lavi
W ale riske lavi
A chak fwa, m gade, m santi m ta pataje doulè w
Ou gen kouraj, ou pa pale
Tout moun ka sa mizè w, oh-oh-oh
Ou gen kouraj anpil
Ou pase tray anpil
Ou ka lite, wo-ouh-wo-wo, anpil
Ou gen fyète
Douvanjou, w gen tan sou de pye w
De timoun ap kriye nan pye w, youn sou do w
w al chèche lavi
W ale riske lari
Timoun pa byen
Nan Kwabosal
Nan faktori
Adje! Non, non, non,non
Fanm kreyòl
Mwen wete chapo douvan fanm kreyòl
Fanm kreyòl
Bondye di yon mo pou tout fanm kreyòl
Fanm kreyòl
Mwen gen yon ti bo pou tout fanm kreyòl yeah
Jou ap pase, laj ap monte
Ou toujou la, toujou kenbe, wi, oh
On dirait ou pa janm bouke
Malgre tout mizè w pase (ou kenbe)
Oh (ou kenbe)
Ouh-ouh (ou kenbe)
Ye-ye, ou kenbe, oh (fanm kreyòl)
Douvanjou, w gen tan sou de pye w (fanm kreyòl)
De timoun ap kriye nan pye w, youn sou do w (fanm kreyòl), non
Ye-ye-ye-ye-yeah (fanm kreyòl)
Lord, I'm missing, al chèche lavi (fanm kreyòl)
W al riske lavi (fanm kreyòl), yeah
Wo-ouh!



Writer(s): Wyclef Jean, Jerry Duplessis, Admiral Tibbet


BélO - Référence
Album Référence
date de sortie
08-06-2006




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.