Darline Desca - M pa kyè (feat. Roody Roodboy) paroles de chanson

paroles de chanson M pa kyè (feat. Roody Roodboy) - Darline Desca



Pandan nan je'w m'pi mal
Gen yon lòt ki deyò a ki bezwen mwen
Ou di'm fè'w bagay ki sal
Ou di'w pa espwa avni'w avè mwen
Si'w vle kite'm vle abandone'm
M'pa kyè ki mele'm
Oh m'pa kyè ki mele'm ki mele'm ki mele'm
W'ap imilye'm, w'ap plede blaze'm
M'pa kyè ki mele'm
Oh m'pa kyè ki mele'm ki mele'm ki mele'm
Ou jwe ak santiman mwen fè'm pèdi tan mwen
Desann valè'm ou pran menm fanm ki pa nan ran mwen
Pèdi lonè'm (devan fanmi'm)
Respè'm (devan zanmi'm)
Ou strese'm ou pa sispann blese'm
Ou sans état d'ame w'ap mache DM tout fanm sou instagram
Lè'm boude m'fache ou di'm kareman se pa dwa'm
Vakans ou te vin pase nan vi'm
Menm sou kabann ou pa menm ka pase anvi'm
Pandan nan je'w m'pi mal
Gen yon lòt ki deyò a ki bezwen mwen
Ou di'm fè'w bagay ki sal
Ou di'w pa espwa avni'w avè mwen
Si'w vle kite'm vle abandone'm
M'pa kyè ki mele'm
Oh m'pa kyè ki mele'm ki mele'm ki mele'm
W'ap imilye'm, w'ap plede blaze'm
M'pa kyè ki mele'm
Oh m'pa kyè ki mele'm ki mele'm ki mele'm
Se mwen'k te erè m' remake'w pat janm mezi pye'm
M' te aprann viv avè'w ak tout defo'w, m' te reziye'm
Kounya ou jwenn on lòt ou gentan bezwen ekzile'm
M' te tout efò'm pou'm te ba'w sa'w te ekzije'm
Fò'w reflechi nan lavi sa, ou pa santi'w twòp pou laj ou
Ou neg la pase pou fanmi'w e poutan se te mennaj ou
Ou trete'm tankou vye rejè poutan se ou'k te pye lejè
Mache apante tout berejèn tout sa'w fè'm yo la w'ap peye'l chè
Tèlman ban'm bil m'rele'w bilolo
Toujou sou batay sou met kimono
Son pawòl anpil son meli melo
Aprè dezan m' konnen'w gen 2 nimewo
Lanmou'n koule kou bato taytanik,
Ou tounen demon espri Satanik
Ou konn di'w Delmas epi'w la malik
Pa vinn ban'm presyon pa vin bay panik
Ohhhhh ki mele m
M'pa kyè oh m'pa kyè
Non m'pa kyè oh m'pa kyè
Ohhhhh ki mele m
M'pa kyè oh m'pa kyè
Non m'pa kyè oh m'pa kyè
Ou pa menm ka mennen'm sou pik makaya menm
Ahh m'pa fout kyè
Ayy!!! fout rale kò'w la gatorade ou pa menm dous menm
Ahahaha



Writer(s): Darline Desca


Darline Desca - M pa kyè
Album M pa kyè
date de sortie
14-03-2020




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.