Baky - Mwen Grandi текст песни

Текст песни Mwen Grandi - Baky



Nonm se Baky pèmèt mwen prezantem, nèg ki tande rap yo konn Sam reprezante m′tap viv tankou chyen men m'pat janm leve san kem siw wèm ka kanpe jodia se God la ki kenbe santem, koz depil vendredi m′pat janm ka ret nan kay
Chache kot turn up lan ye, kanmèm fòm jwenn yon bay, plezim konfime dèfwa nou konn filme, nèg kap rale buzz banm pas malgre mwen pat konn fimen
M' kite kay manmanm se yon fason poum te pran zèl, fanm pat fèm konfyans yo konnen m'pat janm gen yon sèl, chak jou se bwè kleren sa kòm fantezi, sove lekol chak semèn pran zanmim al pran plezi
Men se lèm reyalize mwen dèfwa m′konn bezwen èd yo, nan tout zanmim yo konbyen kite leve dwèt yo, mwen kem te naif, mwen avnim anje, so mwen met tèt mwen sou zepòl mwen e mwen lavim chanje
Fèm grandi mwen konn priyoritem, met lafwa nan God e mwen lavim chanje (
X2)
Fèm grandi
Oh vim chanje mwen grandi nan tout sans, m′pa twonpe fanm mwen anko m'bondi nan wout chans, avan se te lwe machinn al nan club pèdi bon sans, kounia se diferan konkluzyon m′pran konsyans
Mwen vinn konn priyoritem, menm tifi yo kitem, m'pat bezwen gwo ekip mwen aprann viv ak minoritem
Mwen aprann tande pi gran lèm mwen bezwen konseyè, mwen chèche konn pawol bib la, mwen chèche vinn konn senyè
Mwen vinn konprann lavi, mwen vle ret tann semans
Mwen aprann sove plis, lèw fon ou depanse mwens
Yo mwen te konn gaspiye twop depans san mezi, petèt ke mwen te bliye mwen pat konn kòb san redi
Men kounia mwen vinn diplome, mwen remèt sam te prete yo, nan je fanmi, zanmi kounia mwen fyète yo
M′te sa ki danje, mwen avnim anje, so mwen met tèt mw sou zepòl mwen e mwen lavim chanje
Wi mwen grandi yon lot fason mwen panse, vim chanje m'ret kwè se sa ke m′tap chèche
Fèm grandi mwen konn priyoritem, met lafwa nan God e mwen lavim chanje (
X2)
Fèm grandi
Haha, ha, haha, yo ou mèt kwè vim chanje kounia jem ouvè
Fèm grandi mwen konn priyoritem, met lafwa nan God e mwen lavim chanje (
X2)
Fèm grandi



Авторы: Saint Hibert Lugendy Baptista


Baky - Fòs yon black
Альбом Fòs yon black
дата релиза
24-02-2017




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.