Beken - Imiliasyon текст песни

Текст песни Imiliasyon - Beken



Mwen son atis
Kap mache preche laverite
Men yo pa janm konprann mwen Angis sa menm, yo pran mwen
Yo voye 'm jete nan yon kwen
M pa konn solèy leve, ni solèy kouche,
Se m'a va mouri, Ya va konprann Beken
Gade mwen se malere, m'ap chèche lavi mwen
Vye manman'm fin gran moun, li pap mize pou lontan
M'a va priye Bondye pou'l ka pwoteje mwen
Pou manman'm do, pou m pa pase mizè
Gade yo fin jete'm nan fenèt yo klase mwen kòm vagabon
Non non non, woy non non non
Se la vi a ki mande sa
Ayayay
Yo jete'm nan fenèt yo klase mwen kòm vagabon
Non non non, woy non non non
Se la vi a ki mande sa
Mwen di mache chèche, pa janm dòmi san soupe
Pwason dlo konfyans se dlo ki kwit pwason
Chen gen anpil mèt toujou dòmi san soupe
Kabrit anpil gadò mouri nan solèy
Ayayay mezanmi'm yo ann pran kouraj nan lavi sa
Enspirasyon
Mwen di si nou wè'm chita la gen yon jou m'a bay do,
Tankou Roger Colas, General Ti Manno,
Marie Charles, Tiparis, General Ti Roro
Se yo te mouri, yo prete defen an moso valè
Yo fin jete'm nan fenèt yo klase mwen kòm vagabon
Non non non, woy non non non
Se m'a va mouri y'a va konnen valè m
Mezanmi jete'm nan fenèt yo klase mwen kòm vagabon
Non non non, woy non non non
Se la vi a ki mande sa
Enspirasyon
Mezanmi jete'm nan fenèt yo klase mwen kòm vagabon
Non non non, woy non non non
Se la vi a ki mande sa



Авторы: beken


Beken - Tribilasyon
Альбом Tribilasyon
дата релиза
09-11-1989




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.