BélO - Deblozay текст песни

Текст песни Deblozay - BélO



M ekri mizik sa a pou tout moun ki renmen tripotay vwazinay lakay, pote bay (allright!)
Moun kanpe sou de ran, gen sa k ap griyen dan
Bagay sa m ap di n la a, pase nan riyèl pikan
Vwazinay ap eseye kalme Man Lauran
Men manmzèl kanpe sou dekan
Eskandal piblik, lari te gentan bloke
Madan Lauran move, manmzèl estomake
Men se konsa l t ap pale
Tout vwazinay ap tande
"Gade, monchè Lauran! pa pèmèt ou banm kou
Si w leve men w sou mwen, m ap pale chèf pou ou
w konnen w se nèg ki jalou, ou pa damou
Fanm ki se pwa lou ki ka twòp pou ou"
Deblozay
Deblozay, wayayayayay!
Deblozay
Deblozay, ayayayayay!
Te gen yon zanmi Lauran k te kanpe sou yon balkon
Li anvi desann, men l kout baton
Li konnen trè byen ki bwa madanm sa a chofe
A distans, l ap bay Lauran pawòl pou l ale
Pou malè pa rive
G′on vagabon di "Sak pran w?
Lauran sak pran w?
Ou sanble w leve ak yon madichon nan w
Ou deja konnen madanm nan pa t ap pran sa nan men w
Pouki w ap jalouzi? Pouki w ap bat w, Lauran?
Sa k pran w? Di m non! Sa k pran w?
Se ou k erè w ki lakoz ou nan
Deblozay"
Deblozay, wayayayayay!
Deblozay
Deblozay, wayayayayay!
Si w ap okipe vwazinay, y ap w tenten
Si w ap antre nan tout detay, w ap toujou nan zen
Si w ap tolere tripotay, ou p ap ka viv byen
Sa ki mete Lauran nan tout sa a? Se tripotay
Sa ki Lauran nan zen sa a? Se twòp detay
Sa ki mete Lauran nan mera? Se vwazinay, tripotay lakay
Gade yon sitiyasyon ki met Lauran nan deran
Moun kanpe sou de ran, gen sa k ap griyen dan
Bagay sa m ap di n la a, pase nan riyèl pikan
Vwazinay ap eseye kalme Man Lauran
Men manmzèl kanpe sou dekan
Eskandal piblik, lari te gentan bloke
Madan Lauran move, manmzèl estomake
Men se konsa l t ap pale
"Gade, monchè Lauran! pa pèmèt ou banm kou
Si w leve men w sou mwen, m ap pale chèf pou ou
w konnen w se nèg ki jalou, ou pa damou
Fanm ki se pwa lou ki ka twòp pou ou"
Deblozay
Deblozay, wayayayayay!
Deblozay
Deblozay, ayayayayay!
Oye!
Gade deblozay
Oye!
Sa se fot vwazinay
Oye!
K ap pot tripotay
Oye!
Deblozay
Deblozay



Авторы: Jean Belony Murat


BélO - Référence
Альбом Référence
дата релиза
08-06-2006




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.