BélO - Ayiti Leve текст песни

Текст песни Ayiti Leve - BélO



Ayiti
Mwen gen plis twa jou, m sou de pye m
Pa gen lonb, yon ti van pa soufle
Moute mòn, tonbe nan platon
Pa menm yon sous, pa menm yon lagon
Si djakout mwen pa t chaje
Lafen t ap gen tan manje m
Si djakout mwen pa t chaje
Chak swaf t ap gen tan seche m
Bagay sa m mal
Li mwen santi (mwen ta kriye)
Bagay sa m mal
Li mwen santi (mwen ta kriye, kriye, kriye)
Ouh! m ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele)
M oblije mande Ayiti leve
Li pa nòmal sou zile Kiskeya Boyo
Anpil moun ap soufri pou ti gout dlo
Li pa legal pou yon pwoblèm lopital
Frè nou yo ap soufri ak vant mal
Timoun yo ap mouri ak djare
Granmoun yo pa gen kay pou rete
Peyizan dekouraje plante
Yo koupe bwa boule
Nou gen pa Ayiti kraze
Nou gen pa 2004 pase
Nou gen pa Ayiti kraze
Mezanmi, anmwe!
(Mwen ta kriye, kriye, kriye)
m ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele), oh, non, non!
M oblije mande Ayiti leve
Leve, leve
Ayiti leve
Leve, mache
Jou pa w la rive
Leve, leve
Ayiti leve
Leve, mache
Jou pa w la rive
(Mwen ta kriye, kriye, kriye)
m ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele) non!
M oblije mande Ayiti leve




BélO - Référence
Альбом Référence
дата релиза
08-06-2006




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.