BélO - M'deside текст песни

Текст песни M'deside - BélO



Se tout tan sa rive
Yon bagay n fache
Men si nou te pale sa te ka pa rive, non, non
Jodi a m deside
Ke sa p ap kontinye
Avan solèy kouche, cheri fòk nou pale
Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Men sa pa dwe dire
Tousuit, fòk yo pale
Nou g'on tan k pa menm ase
Pou nou sa nou reve
Si nou kite l fin pase
Se nou k ap regrete l
Cheri
Pouki w ap meprize m
Cheri
Ou pa vle m kote w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri
Ou pa vle m vin pi pre w
Mwen rekonèt mwen sa k pa bon
Men wi, cheri, ou t ap gen rezon
Si ou ta pran nenpòt desizyon
Se pou tèt sa m ap mande w padon
An verite sa pa t gen dwa rive
Pou nou fache, nou jou n pa pale
Nou sanble bliye si se modèl nou ye
Avan solèy kouche, n pale
Se tout tan sa rive
De moun damou fache
Sa pa dwe dire
Toutsuit, fòk yo pale
Nou g'on tan k pa menm ase
Se prendre ou à laisser'
Si nou kite l fin pase
Se nou...
Oh-oh! Cheri
Pouki w ap meprize m
Cheri
Ou pa vle m kote w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri
Ou pa vle m vin pi pre w
Cheri
Pouki w abandone m
Cheri (mwen menm mande w padon)
Pouki w abandone m
Cheri (an verite, m ap soufri)
Ou pa vle m vin pi pre w
Mwen rekonèt mwen sa k pa bon
Men wi, cheri, ou t ap gen rezon
Si ou ta pran nenpòt desizyon
Se pou tèt sa m ap mande w padon




BélO - Lakou Trankil
Альбом Lakou Trankil
дата релиза
30-09-2005




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.