BélO - Timatant Nan Wout текст песни

Текст песни Timatant Nan Wout - BélO



Timatant nan wout (manman)
Timatant nan wout
Timatant nan wout
Oh, ye!
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Depi avan bajou kase, l pati
Li pran lari a, l al chache lavi
Li pral antre jis nan aprèmidi
Kite nan kay la avèk senk tchovi
Depi aprèmidi, je bra kreve
Li pa gen tan chache bwa pou dife sanble
Avèk espwa, n ap ret tann
Kilè manman n ap vini, sa l ap pote
Mèt s'on maymoulen, mèt s'on aleken
Kanmenm nou konnen ti manman p ap antre san yon pen
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Timatant pa gen lajan, men li gen bon jan
Li pa ka pote bonbon, li toujou f'on jan
Deng-deng-deng!
Mwen menm ak yon frè m nou gen menm pwoblèm
Timatant lakay la, rich nou pa blèm
Depi w oblije al travay Kanmenm
Pou 'pain quotidien', bleng-bleng-bleng!
Mwen menm ak Ti Chal, nou gen menm pwoblèm
timatant lakay la, rich nou pa blèm
Depi w oblije al travay Kanmenm
Sa s'on dilèm
Sa s'on dilèm
Manman
Oh, oh!
Depi solèy kouche (oh, oh)
Se wout li n ap gade (oh, oh)
N ap ret tann sa l pote (oh, oh)
Gran kou piti, jan l ye (oh, oh)
Nou toujou kontante (oh, oh)
Se konsa sa toujou ye vre
Depi avan bajou kase, l pati
Li pran lari a, l al chache lavi
Li pral antre jis nan aprèmidi
Kite nan kay la avèk senk tchovi
Depi aprèmidi, je bra kreve
Li pa gen tan chache bwa pou dife sanble
Avèk espwa, n ap ret tann
Kilè manman n ap vini, sa l ap pote
Mèt s'on maymoulen, mèt s'on aleken
Kanmenm nou konnen ti manman p ap antre san yon pen
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
Men manman m (tololo!) Men Timatant ap vini
Men manman m (tolo!) Tout m gen tan ouvri
Men manman m (tololo!) Men manman m (tolo!)
L ap vini ak yon souri (tololo, tolo!)
Yon souri ki bay lavi
Bleng-bleng-bleng! Mwen menm ak yon frè m nou gen menm pwoblèm
timatant lakay la, rich nou pa blèm
Depi w oblije al travay Kanmenm
Pou 'pain quotidien', bleng-bleng-bleng!
Mwen menm ak Ti Chal, nou gen menm pwoblèm
timatant lakay la, rich nou pa blèm
Depi w oblije al travay Kanmenm
Sa s'on dilèm
Mizik sa a, m dedye l pou tout Timatant ki nan chak kay
Fanm ki pa chay (chay)
Se yo k ban nou lavi, m renmen nou!




BélO - Lakou Trankil
Альбом Lakou Trankil
дата релиза
30-09-2005




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.