Emeline Michel - A.k.i.ko. текст песни

Текст песни A.k.i.ko. - Emeline Michel



I
E si m' t'anvi chante lajwa
E si m' t'anvi taye bannda
Rakonte yon bèl istwa
Nou tout t'a va mande yon lwa
Pou repouse tout pye bwa
Pou jwe lago kache lespwa
Ann chante: A.K.I.K.O, A.K.I.K.O
II
Menm si se vre nou betize
Pou n', sa vle di nou p'ap sove
Pèsonn p'ap anpeche m' reve
Reve yon bèl lòt redesann
Ranmase tout moun ki t'ap tann
Pou y'al yon bèl fèt ansann
Hanhan: A.K.I.K.O, A.K.I.K.O
III
Si tout moun, tout peyi
Nan lemond t'a va rive yon jou reyini
Tankou yon paradi
Nou t'a jwenn yon pawòl
On langaj, on mizik, on melodi
On ti mo, k' fe magi
Anh anh, kenbe la
n' chante pou lavi miyò
Pou tout sa k'ap dòmi deyò
Pou tout sa k'ap viv andeyò
Pou yon jou kap yo ka chanje
Pou tout timoun kab jwenn manje
Pou n' krusifye tout prejuje
Si tout moun, tout peyi
Nan lemond t'a va rive yon jou reyini
Tankou yon paradi
Nou t'a jwenn yon pawòl
On langaj, on mizik, on melodi
On ti mo, k' fe magi
Anh anh, kenbe la
A.K.I.K.O, n' chante pou lavi miyò
A.K.I.K.O, A.K.I.K.O, Pou yon jou nou tout ka reyini
A.K.I.K.O, A.K.I.K.O, Nou ta jwenn yon melodi, yon ti kwen paradi
A.K.I.K.O, A.K.I.K.O, On ti mo ki fe maji
IV
Si tout moun, tout peyi
Nan lemond t'a va rive yon jou reyini
Tankou yon paradi
Nou t'a jwenn yon pawòl
On langaj, on mizik, on melodi
On ti mo, k' fe magi
Ah ah, Se sa
A.K.I.K.O, Annale, annale
A.K.I.K.O, n' chante pou lavi miyò
A.K.I.K.O, Antre non w la o o, antre non w la oo
Tout moun ansann, n'a prale
S'on menm pawòl, s'on w menm mizik
S'on lavironn otou du monde
Repete, A.K.I.K.O, repete, A.K.I.K.O
Repete, A.K.I.K.O, ouhhh A.K.I.K.O
Alissa, Keke, Joel, Vivi
Annale, pou nou ka chante lespwa,
Pou nou ka chante lajwa.



Авторы: Boncy Ralph, Emeline Michel, Widmaier Mushy


Emeline Michel - The Very Best of Emeline Michel
Альбом The Very Best of Emeline Michel
дата релиза
23-04-2012




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.