Emeline Michel - Flanm - Live текст песни

Текст песни Flanm - Live - Emeline Michel



Pèsonn pa vle kwè se vre
Fwa sa m damou tou bon vre
Mwen t'ap jwe lago kache
Kache pa vle di kase
Pèsonn pa kwè, men se vre
Kounye a m damou tout bon vre
Nou tou pre, je nan je, m kase
Tout moun di sa k pral pase (M tou konn sa k pral pase)
Mwen jwenn yon zanmi
Dous tankou yon mango mi
Lannuit nou pou n jemi
M pa sa dòmi
Nou met joure, n met kraze, n met brize
kòk ap chante, n'a fèk kare ap danse
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se kan'm, se sa m vle defann
Lanmou se zam ki m santi m fanm
Lanmou se san m
Chak fwa tankou premye fwa
Chak fwa tankou denyè fwa
Lanmou nou se tout pou tout
Nou pa ka mize nan wout
nou mare, swè koule, n depale
Kòk ap chante nou fèk kare ap danse
Wi lanmou se flanm ki klere devan m
Wi lanmou se zam ki m santi'm fanm
Wi lanmou se pa'm, wi lanmou se san m
Wi mwen jwenn yon nonm, nou vle ret ansanm
Wi lanmou, wi lanmou



Авторы: emeline michel, fabrice rouzier


Emeline Michel - Gratitude (Live in Paris)
Альбом Gratitude (Live in Paris)
дата релиза
13-01-2015




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.