Emeline Michel - Timoun текст песни

Текст песни Timoun - Emeline Michel



Nou tonbe, men n leve
Timoun, sa n di? Nou pral rekòmanse
Kanpe, gen yon peyi pou n rekole
Se manman n, se byen papa n
N ap kwa, y a vin pile l
Timoun, sekwe n leve kanpe
Sonje nou pa gen lechwa, n vanse
N ap pentire, bale, wouze
N ap triye bon grenn nan laye
Tout sa k soti nan lanmou
Pa gen danje
Ann rasanble, rekonsilye, nan tèt ansanm sekre a ye
Ayiti se pa n li ye
Ann ba li zèl pou l vole
Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite
Timoun, sa n di? n rekòmanse
Tanpri! Annou pa mache gaye
Bouke preche, pa repwoche
Pouse manch pou nou beche
Veye, anpil je kale ap chache
Yon wout pou pwofite n divize
Ann klotire
Ann rebwaze, byen pou pitit nou yo jwi demen
Tout sa k soti nan lanmou
Pa gen danje
Ann rasanble, rekonsilye, se tèt ansanm sekre a ye
Ayiti se pa n li ye
Ann ba li zèl pou l vole
Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite
Nou pare?
Annou ale
Kanpe, kanpe, kanpe djanm!
Lavi a pa rekile
nou vanse
nou vanse
We-e-e-e!
Ann ale!
Se sa! Se sa!
Annou ale
Devan
Tout sa k soti nan lanmou
Pa ka deranje n
Ann rasanble, rekonsilye, se tèt ansanm sekre a ye
Ayiti se pa n li ye
Ann ba li zèl pou l vole
Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite
Se sa
Lavi pa rekile
n vanse, timoun
Lavi pa rekile (non, non, non, non, non)
n vanse, timoun (lavi pa ka rekile)
Lavi pa rekile
n vanse, timoun (non, non, non, non, non)
Lavi pa rekile (lavi pa ka rekile)
n vanse, timoun
Lavi pa rekile
n vanse, timoun
Lavi pa rekile
n vanse, timoun
Lavi pa rekile
n vanse, timoun
Lavi pa rekile (se sa!)
n vanse, timoun (se sa!)
Lavi pa rekile (se sa!)
n vanse, timoun
Lavi pa rekile
n vanse, timoun



Авторы: Emeline Michel, Ralph Boncy


Emeline Michel - Quintessence
Альбом Quintessence
дата релиза
14-02-2013




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.