Harmonik - Papa текст песни

Текст песни Papa - Harmonik



Depi m genyen w lan
Mwen pa nan akwochay ak moun ankò
Mwen pa ladan l ankò
Depi m genyen w lan
Mwen ret nan kay pa vle soti ankò
Mwen pa ladan l ankò
Lavi m chanje depi w mete pye
Reyalite rantre san frape
Ou ban mwen sans responsabilite
Ou matirite mwen monte
Sa yo te konn di yo se la verite
Pa gen pi bèl feeling pase sa
Chak fwa w rele m papa oh
Se tout pati nan mwen ki vibre
Chak fwa w rele m papa oh
Se tout cheve nan tèt mwen ki kanpe
Jan m santi m byen sèl mwen ki konnen
Tu es le mien mon petit poussin
Menm jounen m pa ta fin byen pase
Mwen jus sonje w m gentan rekonfòte
Kad jan m yon koub 360 degre
Se mwen k ka di w jan m renmen sa
Depi m genyen w lan
Mwen pa nan akwochay ak moun ankò
Mwen pa ladan l ankò
Depi m genyen w lan
Mwen ret nan kay pa vle soti ankò
Epi sou w yo ban m tout non pote
Yo di m kapon, pa te kwè, enbesil
Ou etire m anba bouch mechan yo
Depi m genyen w lan
Mwen pa nan akwochay ak moun ankò
Mwen pa ladan l ankò
Depi m genyen w lan
Mwen ret nan kay pa vle soti ankò
Mwen pa ladan l ankò



Авторы: Réginald Bastien, Sanders Solon


Harmonik - Respè
Альбом Respè
дата релиза
16-05-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.