Wendyyy - Ayibobo текст песни

Текст песни Ayibobo - Wendyyy



Mw vinn raple'w kiyès ou ye men pate jan ti blan kite'w
Mw vinn raplew valè'w paske'm wè'l yon titan kite'w
Ou kontamine san'w gen venin fò'w konn ki dan k pike'w
Premye pèp nwa k libere
Wi se sak idantite'w
Mw vinn raple nou ke nou dwe fière
Ke nou dwe frè et nou lib donk se sa nou vle nou dwe
N'ap soufri lontan menn pat travay pou doulè sa
Yo dwe respekte nou paske n te batay pou koulè sa
Mw vinn raple'w ke nou se klou kolon et yo se mato
Yo la pou ofanse n bann manje KK pou gato
Mw vinn raplew ke endepandans nou an se pa yon kado
Raple'w tou ke'w se moun tou koulè po'w pa
Dwe yon fado (Kounnya se pou n leve kanpe)
Plan revolisyon an fenk trase
Nou pral yo respekte dwa nou san tèt kase (tèt kase)
Nou di non nou pap sibi ankò
Mèt vwa nou ansanm
Ouvè gagann nou pou n di
C'EST ASSEZ
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
Sa lontan n'ap plante nou pa jwenn ase fri
Li pou n jwenn ze a bouyi nou manje'l ase fri
Nou t esklav zanset yo te goumen pou n pase free
Kounnya ann kanpe pou n yo fas nou ase fri
Nou pat janm chwazi viv konsa problèm peyi a pat janm fòt nou
Je nou klè kounnya donk bann vòlè yo pap jwenn vòt nou
Yap ranpli pòch yo nou menm n grangou nap rele laba
Nou pap pran belle paròl n finn vote pou n rele aba
Nou di NON
Nou dwe viv tou
Donk moun pap vinn prije nou
NON
Pagen okenn f*cking kolon kap vinn drive nou
Nou di NON
E nou kanpe dèyè'l anyen pap vinn rive nou
Nou di NON
sa se pa nou pa gen moun kap vinn rive nou
Leve kanpe mare pwen'w
Jou revolisyon an rive so mare ren'w
Nou pat goumen pou libète a sèlman nan papye
Ann revandike pou yo sispann pase dwa nou anba pye
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBOBO
AYIBO AYIBO AYIBOBO



Авторы: Wendy Duvert


Wendyyy - King Rete King
Альбом King Rete King
дата релиза
28-11-2018


Еще альбомы
Исполнитель Wendyyy, альбом Idéal
2015
все альбомы


Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.