Blaze One - AYITI FE MAL AK BYEN ET OLICASE текст песни

Текст песни AYITI FE MAL AK BYEN ET OLICASE - Blaze One



Yeah!
Blaze One vètè
OGF toutan
Ayiti mwen byen, Ayiti mwen mal
Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal
Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye
Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere
Ayiti mwen byen ayiti mwen mal
Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal
Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou
Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou
(An) ayiti son peyi traka, m' plen bagay pou m rakonte
Yon peyi this yon peyi that ki plen obstak pou afwonte
Peyi solèy peyi lapli kote gwo loraj ap gwonde
Peyi priyè peyi kriyèl yon peyi k' plen kont ak Bon Dye
(Ayiti peyi sous, peyi amè, peyi k' dous,
Peyi pase, peyi next, peyi lendèk, peyi pous)
Ayiti son ti peyi kote yo moun mouri leve menm nan
Dòmi yon fèy sèch tonbe, m' pantan m tou kouri m leve
Ti peyi sa tou pa gen bon pase kote m grandi a
Li ki m onèt, saj e li tou k' m bandi a
Ayiti son peyi prete, peyi rich e peyi pòv, peyi cheve, peyi tyas,
Peyi tèt kwòt peyi chòv, peyi ganstè, peyi saj, peyi poze peyizaj, pey
I bebe, peyi pitit, peyi gran e peyi k' laj, peyi jeune, peyi anfan,
Peyi majeur, peyi vieux,
Peyi couleur, peyi noir, wouj, vèt ak peyi ble
M renmen l tankou son fanm kap ban m pwoblèm pandan m damou
M pap pran pawòl nan men pèson
Ou pap konprann si ou pa nou
Son peyi ponyèt, peyi tèt, p
Eyi moustach peyi bab, peyi pastè,
Peyi prèt, peyi Bon Dye, peyi djab.
Ayiti mwen byen, Ayiti mwen mal
Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal
Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye
Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere
Ayiti mwen byen ayiti mwen mal
Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal (kòmandan Grèg)
Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou (Delmas 95)
Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou
Yaah!
Si w pa di l se peyi pa w mwen pap di l se peyi pa m nan
Menm si m nan lòt peyi m' konn se la pou m vyeyi pa m nan
Nou jete tradisyon n' pou tout kalite plezi alman
Chak n' panse a vodoo nap zonbifye w san mezikalman
Ayiti son peyi mechanste,
Ladann plen mechan vre zanmi kap ba w
Konsèy nan vèy ou ta bwè yon mechan te
Son peyi k pa gen tèt ansanm yo plis nan epokrit
Menm sa k pran pòz lap ede w lap fann tèt ou pou ipolit
Ayiti rèd se pa 2 traka,
Pou w viv w pa baka lari yo chaje fatra e moun ap manje sou
K*k*, son peyi ou tout fim chasalòm, t
èminatò son peyi w doub vanndam, a tout eprèv epi kòbòy
Son peyi kòmanndo,
ranmbo peyi k' fòme zoro,
Wobo, django nèg yo kriyèl kòm gowo
Son peyi w jèn epapiye pou jan leta piye yo
Egri tout sa w pou w pa briye pou sa tou w ta priye
Malgre m konnen jan sa ye se ladann mwen m vle rezide m pap pral rete
Lòt kote ayiti pito w deside, peyi mwen fèt, p
Eyi zansèt peyi m ta renmen viv bèlte a
Peyi k plen malonèt men li onèt pou libète a.
Ayiti mwen byen, Ayiti mwen mal
Gen anpil bon ayisyen konsa tou chaje kanibal
Peyi m plen vagabon konsa tou l chaje nèg serye
Ayiti se peyi m pou li m pa gen anyen pou m sere
Ayiti mwen byen ayiti mwen mal
Plen nèg wap jwen ki fake konsa tou plen k'orijinal
Malgre chaje obstak li avè w pou defann ou
Sak egri dèske w wo devan yo, yo vle desann ou




Blaze One - DEKOLONIZASYON
Альбом DEKOLONIZASYON
дата релиза
29-04-2017




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.