BélO - Tigason текст песни

Текст песни Tigason - BélO



Neglije mandangougous, enpòte plastik
Twoke mango kòn kreyòl pou krèm sentetik
W a Kennedy bal pèpè, revoke tayè
Kòdonye, koutiryè tounen anyennafè
Gadmanje galata pa tchè, amwalamizè (amwalamizè)
Ebenis vann metye yo pou janbe fwontyè
Lepèp pa najè, l pa pechè, tout espwa l sou lanmè
Adje! Mizè! Gad'on doulè
Moute kanson w ti gason
Diyite w se sèl sa ki rete w
Renmen lavi w lòt fason
Vye enfliyans fin dezabiye w
Nan w
G'on nanm
Imaj w ap pwojte, sa sot nan nanm
Pran san w, viv tan w tande, ti gason
Sonje prensip papa w ak manman w
Yo fin pran tout sa n te genyen
Yo ba n chwa dezyèm men
Yo anvayi tout sa nou renmen
Vwal senvyeti sa n te konnen
Lave tèt, mare men
Yo pran tout maton pou kretyen
Yo pran vyann, yo ban n zo, yo pran vrè pou ban n fo
Planifye mizè nou, yo gen patant malè nou
Yo pran n, yo pran n, eksplore fon lanmè nou
Rad sou nou ki rete, yo vle dezabiye nou
Men, non! Moute kanson w ti gason
Diyite w se sèl sa ki rele w
Renmen lavi w lòt fason
Vye enfliyans fin dezabiye w
Nan w
G'on flanm
Imaj w ap pwojte, sa sot nan nanm
Pran san, viv tan w tande, ti gason
Sonje prensip papa w ak manman w
Kochon Kreyòl ak poul peyi
Ou konn sa m ap di a, yo l deja
Nou pa vi jenès la wout sa
Kafe pile, mayi griye, yo konn sa m ap pale a
Woy! Koutim yon pèp ki inonde
Kilti yon peyi k ap nwaye
Nanm yon nasyon pa ka dòmi
Pa gen ren, nanpwen sentiwon
Fouk kanson jouk anba talon
Sou ki rit ou kanpe?
Jous kibò sa prale?
Moute kanson w, ti gason
Diyite w se sèl sa ki rete
Nan w
G'on flanm
Imaj w ap pwojte, sa sot nan nanm
Pran san w, viv tan tande, ti gason
Sonje prensip papa w ak manman w



Авторы: Jean Belony Murat, Jean Winer Pascal


BélO - Motivasyon
Альбом Motivasyon
дата релиза
10-07-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.