BélO - Tilandeng текст песни

Текст песни Tilandeng - BélO



Yo jou limyè, yon jou fènwa, mwen la toujou
Yon jou mizè, yon jou lajwa, m kwè nan lanmou
Louvri baryè, baryè fèmen
Kreye chimen, m demen
Kot douvanjou? (Mwen la)
Toujou kanpe drèt san koub, ni pliye kolòn vètebral (mwen la)
Toujou ap lite san koub, m p ap negosye ret vètikal (mwen la)
Sa m pa janm bese tèt (mwen la)
Ni m pa gen baboukèt (eh)
Pa kite moun janm mache sou pye w (eh!)
Pa kite moun jwe nan volonte w
Ni vin dekouraje w, se ou k mèt volonte
M s on tilandeng-deng, depi m piti sou men m (eh)
Pa kite moun konprann pou dejwe w (eh)
Pa kite moun kwè yo ka achte w
Ni vin manipile w, se ou k mèt destine w
M s on tilandeng-deng, Bélo wi menm, benng-benng
Mwen s on tilandeng
M pa janm bay legen tank on lach, yon kreten nan lavi mwen
Yon releng, pa yon manfouben, yon apa, san desten, san parèy mwen
Drèt pou drèt, m ap gad lavi a nan je
Pran kout bèk, men m kontinye pèsevere
Mwen febli, m pa flechi, m ap vanse, adje
(Mwen la)
Toujou kanpe drèt san koub, ni pliye kolòn vètebral (mwen la)
Toujou ret onèt, m p ap a koub, m p ap negosye ret vètikal (mwen la)
Sa m pa janm bese tèt mwen (mwen la)
Ni m pa gen baboukèt, eh-eh!
Pa kite moun janm mache sou pye w (eh!)
Pa kite moun jwe nan volonte w
Ni vin dekouraje w, se ou k mèt destine w
M s on tilandeng-deng, depi m piti sou men m (eh)
Pa kite moun kwè yo ka dejwe w (eh)
Pa kite moun kwè yo ka achte w
Ni vin manipile w, se ou k mèt destine w
Tilandeng menm, Bélo wi menm, benng-benng
Mwen s on konbatan ki gen san Vètyè
P ap move van lavi, boulèt lavi, pou mwen, se pousyè
Mwen s on nèg vanyan ki gen karaktè
Move tan, move klan p ap foure m nan move zafè
Drèt pou drèt, m toujou gad lavi a nan je
M pran kout bèk, men m kontinye pèsevere
Mwen febli, m pa flechi, m ap vanse, adje!
(Mwen la)
Toujou kanpe drèt san koub, ni pliye kolòn vètebral (mwen la)
Mwen s on moun onèt, m p ap foug, m p ap negosye ret vètikal (mwen la)
Sa m pa janm bese tèt (mwen la)
Ni m pa gen baboukèt, (eh)
Pa kite moun mache sou pye w (eh)
Pa kite moun jwe nan volonte w
Ni vin dekouraje w, se ou k mèt destine w
Tilandeng menm, epi m sou men m (eh)
Pa kite moun kwè ka dejwe w (eh)
Pa kite moun kwè yo ka achte w
Y ap fin itilize w, y ap ridikilize w
M s on tilandeng, tilandeng menm (eh)
Pa kite pyès moun mache sou pye w (eh!)
Pa kite moun kwè yo ka achte w
Ni pou yo vin dejwe w, oh Lord!
Yo mèt di w s on tilandeng (eh)
Pa kite moun kwè yo ka achte w (eh)
Pa kite moun vin manipile w
Ni vin mache sou pye w
S on tilandeng menm, depi m te tou piti sou men m



Авторы: Jean Belony Murat, Jean Winer Pascal


BélO - Motivasyon
Альбом Motivasyon
дата релиза
10-07-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.