BélO - Swiv wout ou текст песни

Текст песни Swiv wout ou - BélO



Néo, nou chak s′on etwal
Nou chak g'on eskal
Chak moun gen yon wout ki trase pou li deja
Pou l suiv (suiv wout ou)
Pa okipe obstak yo (suiv wout ou)
kòmsi ou pa yo (suiv wout ou)
Yo la, y ap toujou la (suiv wout ou)
Mwen fèt nan yon vilaj ki pa t gen kouran
Sa pa t anpeche te toujou gran
Piti yon madanm ki pa nan lekti
Men mwen te gen rèv depi m te tou piti
Ak objektif pou m sot nan geto a
Mwen atis, mwen vize gwo lo a
Menm si bagay yo pa t janm fasil pou mwen
Te toujou gen anpil bezwen (suiv wout ou)
Lord! M pa t janm okipe obstak yo (suiv wout ou)
kòmsi mwen pa yo (suiv wout ou)
Obstak yo la, y ap toujou la (suiv wout ou)
Ti Charles
A trèzan, m abite riyèl Jan Pòl
Pa t g′on plas piblik, pa t g'on teren foutbòl
Menm pa t janm fokis sou sa katye a pa te ka ofri m
Mwen te se yon bèl opòtinite nan lavi m
Sandy Bernard, zanmi m, te g'on radyo kasèt
M dekouvri ORS, Rex, piti, sa k ap fèt
Mwen Adlerman sanble m
M santi rèv mwen vibre m
Kouzen m, Patrick, ankouraje m
Li te toujou ap di m "Suiv wout ou"
Aprann janbe obstak yo (suiv wout ou)
w aprann kabre chòk yo (suiv wout ou)
Si ou la, se p′on aza (suiv wout ou)
Mwen pa t janm twouve sèn lekòl la te twò piti pou m jwe
Avan yo mande m jwe, m te gen tan pare
Freestyle, big baf nan rekreyasyon
Se t′on vizyon, Bélo jwe ak pasyon
Nan Don Bosco, nan Petyonvil
Lakay te vid
Mwen suiv konsèy kèk bon zanmi m
Ki te konn di m "Suiv wout ou"
Pa okipe obstak yo (suiv wout ou)
kòmsi ou pa yo (suiv wout ou)
Yo la, y ap toujou la (suiv wout ou)
Néo, suiv wout ou, tande! (Suiv wout ou)
Harryell suiv wout ou, tande! (Suiv wout ou)
Laurent, toujou suiv wout ou, tande! (Suiv wout ou)
Nell
(Suiv wout ou)



Авторы: Jean Belony Murat


BélO - Motivasyon
Альбом Motivasyon
дата релиза
10-07-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.