BélO - Bousòl текст песни

Текст песни Bousòl - BélO



Nou pa ka ret tann ankò
Nou deside pou n jefò
Pou nou bay peyi a
Mwayen pou l kapab avanse
Nou pa t sanble ak nou ankò
Nou tout gen rezon, nou tout antò
Pendant ce temps, peyi a
K ap tann nou rekonsilye
Gen resous, nou gen fòs, ann inite
Nou p ap janm ka nòs si nou pa marye
Avanse, leve peyi a
Peyi a se yon bato
N ap lite, n ap rivee ak lafwa
Bousòl nou se libète
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo
Leve, soti nan fènwa
Bak, bak, bak
Sa lontan nou t ap bak
Nou deside bay n de tap
Pou nou ka divòse
Ak yon sistèm ki pa t mache
Kote chak moun yon ti klan
ti lajan, ti magouy pa yo (pa yo)
Plimen 'la nation', koripsyon, fin ak pratik sa yo
Kounyeya la, nou deside pou sa chanje
N ap chanje direksyon ak mantalite
Pou lòt jenerasyon fyè de sa n kite
Avanse, leve peyi a
Ayiti se yon bato
N ap lite, n ap rive ak lafwa
Bousòl nou se inite
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Lajenès klere flanbo
Leve, soti nan fènwa
Rasanble
Rasanble
Gen resous, nou gen fòs, ann inite
Pou lòt jenerasyon fyè de sa n kite
Wo-yo, wo-yoy
Avanse, leve peyi a
Peyi se yon bato
N ap lite, n ap rive ak lafwa
Rasanble
Nou kanpe, fin ak mizè sa
Tout san nou se libète
Leve, soti nan fènwa
Nou kanpe, pou n fin ak mizè sa



Авторы: Jean Belony Murat


BélO - Motivasyon
Альбом Motivasyon
дата релиза
10-07-2019




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.