Fantom feat. R. Cange - Pran Pasyans текст песни

Текст песни Pran Pasyans - Fantom feat. R. Cange




M anvi ri! Kite m ri! Banm ri! M ap ri
m fin ri yo m tonbe ri tèt mwen
m fin ri nou m tonbe ri tèt mwen
Kite m Griyen danm,(li pa gen bonbon) m pa kwè se pou
Tout bon
Sa a sonw jwèt! Konsa yo fèn pwan aransò pou janbon
Se Bouki fin filo yap Malis te sòt
Yo pwan nòt, kounya y tout vle fonw ti kout kou zòt
Sak difisil pou bourik se pase nan yon je zegwi
Men li fasil poul met vès Ak kòl poul dirije Ayiti
Ala on ti peyi. Men pa di mte di sak te la a pat anyen
Paske menm revèy an pàn bay bon 2 fwa nan yon jounen
Yo fout nou yon kalòt, yo din se yon marengwen yo tap tiye
Nou jwe tout boul ki egziste men bòlèt pa janm tire
Si lòm se pitit bondye Ayisyen dwe tès ADN
Sa nou ak tèt nou piti ke sa n a dèyè n
Nap vin pi pòv e nap pi plis mande tèt nou si nou pa priye
Twòp
Apre ke sou bèl jeans menm True religion yo pa
Pwòp
Si nou vle on mirak pou Ayiti, al vote nan piscine Bethesda
Ou byen Shalòm
Sof ke bilten an pi piti, e l gonw sèl kandida ki sonw
Hypolyte pou chak sòm (psaume)
Apre maswife nou fin monte ak makout nou
Tonbe nan yon Lavalas ki bwote tout Lespwa nou ale
Nou kite Manman poukont li n al pwan plezi Tèt Kale
Nou bwè kòb tchup kanaval kounya a tanbou lou
Nan ka sa a 5 plim pat sifi alevwa pou yon K
Nou Fusion Mopaw Mopam men sa mete n nan plis ka
Kandida nou yo gen bèl pwojè se sa k fòn vote yo
Yo tout ka devlope peyi a, men sèlman se sou foto
Renmen Ayiti Boukliye a se Respè Verite
Konviksyon pou Pitit Desalin ak petion Lapeh ak Inite
Nou devan yon lamè wouj sètfwasi Moise pap ka sove n
E dèyè n lame vwazen an ap pare pou atake n
Apre izolwa a saa rezilta a pwal anmè kou lalwa
nou fin vote nèg ki pou vote lwa, se yo ki pap respekte la
Lwa
aransò yo pap pwan l pou valab
Lal lage kòl nan chiktay kounya li monte tab tèt mab
Lèw yo di fèmen baryè kabrit la fin pase
Se paske yo te bezwen vyann pou festen san peye
Politik se latrin pouw pa soti sal fòw gen papye
(Dyalòg ak on kamarad)
Tèt atè, dèyè anlè
On jenès konsa kisa ou ta vle l (apre fatra)
Mpa konn fouye moun, se sa k m pa di de men anlè
Nan mizik, se sak yo banm kanè.
Note: Men m pwal konteste kot CONATEL, paske fanatik yo
Banm decharge, e fòk yo reentegrem nan kous sou bann FM
Nan. Nap batay pou gen des emissions inclusives
Democratiques honetes et credibles.



Авторы: Pascal Jeanjacques


Fantom feat. R. Cange - Salute, Vol. 1
Альбом Salute, Vol. 1
дата релиза
15-04-2013



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.