Richie - Linite текст песни

Текст песни Linite - Richie



Ayiti se yon chato ke nou tout antoure
Menm si n' pa kanpe menm kote
Se li nou tout ka vize.
Se sèl sila ki anwo a ki ka domineee.
Nou pap ka libere san linite.
Nou pa gen menm pozisyon
Se tou nòmal
Diferan opinyon pa ilegal
Jou n'jwenn linyon
Nap sipann mal
N'ap gen yon nasyon
Total kapital
Yeyiyeeee...
Pawòl yo tèlman repete,
Nou dekourajeeee.
Anpil mizik konpoze
E se pa de san ki koule.
Si se lènmi an wap chèchee.
M'konn kiyès li yeee.
S'on vye mantalite, ki fèn zonbifye.
Nou pa nan menm pozisyon
Se tou nòmal
Diferan opinyon pa ilegal
Jou n'jwenn linyon
Nap sipann mal yeee.
Nou pral g'on nasyon
Total kapital
Si n'vle Ayiti cheri devlope
Se de bagay pou nou kole
Se Diyiteee. Solidarite
Pouki chen manje chen
Pouki goumen
Zanmi lènmi an pa ni ou ni mwen.
Vye mantalitee pou nou chase
Gen moun ki di n' ki pap kolabore
Konsa gen solidè san diyite
Siw g'on grenn soulye, fòw gen toulede
Pozo jwe pou Dadou en Dadou
Dadou tande sa.
Dadou w' twòp bagay pou m'ta kite w' jwe
Fòk pozo pa ta la ti sa ou meritel
Yon ti peyi, kou paradi frèm yo tanpri
Ann sove Ayiti
Yon ti peyi, kou paradi frèm yo tanpri
Ann sove Ayiti
Oh oh eskè se vre w'ap kite peyi w' mouri polititisyen
Sa se ranmase ranyon ak ti bwa lave l' a men
Pou le drapo pou la patri se sa li di.
Poutan men map gade nan twou k'ap plen pòch li.
Lòt jou m'wè gen moun kap plede jete fatra nan lari
m mande yo poukisa yo di se paske yo pral pati.
Nou met tèt ansanm pou n'kraze brize
Men nou divize pou n'progrese
Kijan n' pral avanse.
Yon ti peyi, kon paradi frèm yo tanpri
Ann sove Ayiti
Yon ti peyi, kon paradi frèm yo tanpri
Ann sove Ayiti
Aimes ton prochain comme toi même
Nan zam nan se sa k'gachèt
Pa bliye tout sak'fèt
Avan tou sot anndan tèt
Nap chèche linite,
N'ap jwenn li nan maryaj Solidarite ak diyite
Men èske w' gen volonté?
Kilè pou lòt nasyon al demand visa
Pou yo ka vinn chèche on vi miyò pa isi a
M'wè g'anpil nan nou k'ap ri sa m' sot di a
Men Si n' met men ansanm Ayiti ka paradi a.
Watchakrazem! Dega.
Richie, Top Adleman, Dadou Pasket pran lari a
Ah ah. Yo jwenn nouvel la.




Richie - 10 Ans Plus Tard
Альбом 10 Ans Plus Tard
дата релиза
26-01-2010




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.