Blaze One - Sispan Fe Roul текст песни

Текст песни Sispan Fe Roul - Blaze One



Sispann woul
Lè'w al lekòl eee
Sispann woul
Lè'w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande
Lekòl ouvè
Youn nan pi bèl moman
Nou toujou atann
Premye diskou profesè
Depi jen te pase tann
Kom se premye jou klas
Fok tout elèv konesans
Pou youn ka byen konn lot
Pou klas la ka gen transparans
2, 3 semèn pase
Gen elèv kap swiv gran kouran
Bay pwofese boulèt
Plede kole chiklèt sou ban
Sak pa vin sou aprann
Ap diw fow petibe klas la
Men yo voyew tounenw
Si pouw antre fow ak paranw
Sispann woul
Lè'w al lekòl eee
Sispann woul
Lè'w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande
Chak jou lekòl ap fonksyone
Elèv pa ret nan klas
Sak al trip kay ivet
Sak al nan chawony sou chanmas
Manmanw papw konen lekòl
Yo menm yo nan tout bras
Se le chef aretew nan woul
Y'ap diw Men quest ce qui ce passe?
Pandanw pa rann ou kont
Se avniw fini ap gache
Le kob lekòl se nan jwet
Mopyon, Aza li boule
Gen de elèv kap fe paran
Peye lekòl an ven
Le yo pa pase yap di se pwofese ki vòlè pwen
Sispann woul
Lè'w al lekòl eee
Sispann woul
Lè'w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande
Kounya examen pral rive
Se not kap revize
Elèv ap vòlè kaye lot elev Pou etidye
Genyen ki entelijan
Ki pa pran tan pou metrize
Genyen ki telman sot
Menm sou moun li pa ka kopye
Wap swe wap sech sou fey
Ou preske finn dekonpoze
E depiw pa jwenn poul ou pap santiw byen konpoze
Wap cheche nan poubel
Menm poul yon lot elèv jete
Defwa w bay fey la blanch
Malgre sa w fini an dernye
Elèv lise len al lekòl fò'n pa fe woul tande
Elèv kolej len al lekòl fò'n pa fe woul tande
Etidyan professionel yo fò'n pa fe woul tande
Etidyan fakilte al lekòl pa fe woul tande
Jodia ou jwenn moun kap fosew pou fe school
Ou chwazi le contraire se boule kob la nan fe woul
Wap swiv gran kouran ki gen paran ki tre cool
Pandanw se pitit soyet
Poutan kane pal gentan full
M remake tout moun fin bliye sa lekòl vle di
Paran demisyone
Tout inifom se rad lekòl
Pa gen leta paske a la baz nou enkonpetan
Nou gen examp pil neg ki tap fe woul yo tout san konpetans
Se woul ki fe nou gen yon bann dokte chalatan
Yo tout bezzwen dirije pou tiye pep la ak baton
Bliye enpotans lekòl la se inyore pwop tet ou
Fò'n sispann chofe ban
Sinon demen ou pral fe pwop ket ou
Sispann woul
Lè'w al lekòl eee
Sispann woul
Lè'w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande




Blaze One - Sispan Fe Rou
Альбом Sispan Fe Rou
дата релиза
15-08-2016




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.