Boukman Eksperyans - Nou Pap Sa Bliye текст песни

Текст песни Nou Pap Sa Bliye - Boukman Eksperyans




Nou sonje
Nou pap sa bliye
Jou ke nou di nou di nou pral jwe mizik peyi an nou, jwe mizik vodou
Nou tout te santi nou yonn
Ak tout lot frè n kap viv kilti n
Nou te santi n nou ayisyen
sa o (lè sa)
Nou pap sa bliye (nou pap sa bliye)
Jou ke nou di nou pral jwe mizik peyi an nou, jwe mizik lakou
Nou te telman santi n kontan (kontan)
Nou pap sa bliye
Petro congo rada ibo nago
Zansèt nou yo te la
Ayibobo
Jou sa nou jwe jouk solèy leve
Jou sa nou pran konsyans
Jou sa
Nou pap sa bliye
Jou ke nou di nou pral jwe mizik peyi an nou
Jwe mizik pa nou
Gen anpil moun ki wont pou nou
Yo ta di se mizik lougawou
Men nou konnen se manti
Nou pap sa bliye, nou pap sa bliye
Premye fwa
Premye fwa nou tap jwe vodou
Nou pap sa bliye, nou pap sa bliye
Jou si la
Se jou sa nou te libere
Nou pap sa bliye, nou pap sa bliye
Premye fwa
Eksperyans Boukman te tou la
Nou pap sa bliye, nou pap sa bliye
Jou si la
Premye fwa nou tap jwe vodou



Авторы: Daniel Beaubrun, Theodore Beaubrun Jr.



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.
//}