Roody Roodboy feat. Fantom - Fòk Tèt Ou La текст песни

Текст песни Fòk Tèt Ou La - Roody Roodboy feat. Fantom



Yo yo yo yo yo
Ou pa renmen'l vre
Its Roody Roodboy
Fantom eklate
Nèg k'ap bwè avè'w k demake yo pra'l manje
Atè pou'n mete yo
Nèg kap vi'n ba'w baz sélman'w gen pou depanse
Atè pou'n mete yo
Moun k antre sou ou sèlman yo bezwen pou prete
Atè pou'n mete yo
Se mwen, se yo...
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi gaspiye'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite moun itilize'w
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi detounen'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite zanmi'wyo devye'w
Pa pale an parabòl
M'pral vin dwat sou verite a
Nèg k'ap ba'w j'approuve la
Se li menm pou evite a
Yo rele'w boss
Yo rele'w baz
Yo rele'w patron
Kou lajan'w fini granmèsi chyen an s'on kout baton
Fò'w maton mete tèt ou sou zepòl ou
Y'ap pale de pwogram jamè yo pap pale'w de lekòl ou
Lè'm nan pwoblèm mizè'm pou mwen
Lè'm gen afè'm Kite'm jwi li pou mwen
Nèg k'ap bwè avè'w k demake yo pra'l manje
Atè pou'n mete yo
Nèg k'ap vi'n ba'w baz sélman'w gen pou depanse
Atè pou'n mete yo
Moun k antre sou ou sèlman yo bezwen pou prete
Atè pou'n mete yo
Se mwen, se yo...
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi gaspiye'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite moun itilize'w
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi detounen'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite zanmi'w yo devye'w
Ou pa renmen'l vre
Y'ap pran'w pou tou piyay pou toujou bay
Y'ap lave men ou
Use ou tankou kobay si'w pa met may, enbyen frè'm men ou
Pou yo fòk sant mize a ta toujou ret anba nen ou
Lè'w te genyen ou tonbe, menm frè'w ka di li pa konnen ou
Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, byen se fwèt
Lè'w gen y'ap avè'w, y'ap rele mèt
Y'ap ba'w tout pawòl pou blanchi'w nèt Egzanp, mwen menm ki la m'te gen disip ke Jezi Kris
Moman kalmi yo m pat yo youn, yo t'ap viv nan mond jidayis
Travay Bondye fè'm ret nan menm, je'm vinn louvri m'wè s'ak t'atè yo
M'klete pòch mwen, gen sa'k te pwòch mwen, m'dekouvri k'te eksplwatè yo
Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè
M'tou pale'w fòk tèt ou la, pou devan'w pa tounen dèyè'w
Eklate
Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm
Se s'ak mwen pran mizè mwen pou kò'm
M'veye m'priye m'fè kòmsi pa sou bò'n
Letènèl m'ap priye li pap janm kite'm pou kò'm
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi gaspiye'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite moun itilize'w
Fòk tèt ou la frè'm
Pa kite zanmi detounen'w
Fòk tèt ou la sè'm
Pa kite zanmi'w yo devye'w




Roody Roodboy feat. Fantom - Fòk Tèt ou la
Альбом Fòk Tèt ou la
дата релиза
17-11-2016



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.