Roody Roodboy - Ke pwason текст песни

Текст песни Ke pwason - Roody Roodboy



Ayiti peyi solèy
Ayiti peyi chalè
Ayiti peyi lanmè, peyi tropical, peyi kanaval
Yo di peyi m pa bon
E poutan se a Paris m tande gen gwo bonb kap pete
Yo di peyi m pa bon
E poutan se la Sirie m tande misil ap eksploze
Mwen monte New York m al nan kanaval sou eastern parkway
Zen pete bal tire bow
Mwen monte New York m ale nan jouve m ale nan rara
Zen pete bal tire bow
Kite m pran plezi m nan peyi mwen kite m vibe
Kite m pran feeling nan peyi mwen kite m shine
Nou gen labadi, - pla
Nou gen sitadèl - pla
Nou gen Port Salut - pla
Oh oh oh
Nou gen Basin Bleu - pla
Nou gen basin - pla
Nou gen sodo- pla
Kite m pran plezi m nan peyi mwen kite m vibe
Kite m pran feeling nan peyi mwen kite m shine
pèp sa ap manifeste sèl Bondye nan syèl ki kapab kenbe l
se dwa l lap revandike fòk n aprann tande fòk dwa l respekte
Oh oh oh oh oh
Nou mande viann yo banm ke pwason an
Oh oh oh oh oh
Kounya m nan batay hey
M pral manifeste kawotchou m pral boule sa pa ladann
M pral manifeste vit machin m pral kraze sa pa ladann
M ap manifeste wòch m pral tire sa pa ladann
M pral manifeste dife m pral mete sa pa ladann
Tigidip tigidip bow yo lage l nan bouda chwal la
Kounya se moman pou timoun yo danse
Men dwat anlè m ke pwason an
Men goch anlè - m ke pwason an
Kwaze yo kwaze yo konsa
Black Alex
Apa m tande peyi a cho ebyen n ap met mayo n alè
Apa m tande peyi a cho ebyen n ap met mouchwa anlè
Apa m tande peyi a cho ebyen n ap met drapo n alè
Van vire, van vire, van vire wey l frèt
Plezikanaval
Wo wo wo wo
Griyendan genlè
Gad jan m bèl
Yo pral di se pa mwen
Pale pale pale pale pale pou kouran yo pa banm se dwa m map defann kite m pale
Pale pale pale pale pale pou lekòl yo pa banm edikasyon m ap defann kite m pale
Pale pale pale pale pou sekirite yo pa banm pèp la m ap defann kite m pale
Pale pale pale pale pale pou travay yo pa banm, pèp la m ap defann kite m pale wo
Ane a pale mwen pale ankò
Woy woy woy mwen pale ankò



Авторы: Roody Petuel Dauphin, Jean Haspil Ulysse


Roody Roodboy - Fòk Tèt ou la
Альбом Fòk Tèt ou la
дата релиза
17-11-2016




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.