Roody Roodboy feat. Rutshelle - Spécial текст песни

Текст песни Spécial - Rutshelle , Roody Roodboy



Spécial tu es
Spécial à mes yeux
Spécial tu es
Spécial spécial
Ou toujou la pou mwen pwòblèm yo ap debòde
Ou fè'm konpran reyalite ke dan ak lang konn mòde
nou pa ka al nan yon resto'n reziye'n n pran yon pate kòde
M'vin gen plis matirite ou rann lespri'm pa bòne
Ou se premye nèg ki fè'm konn gou lanmou
Imajine sèlman lavi m san ou banm degou
Ni mwen ni ou deside pou nou ret soude
Pou'n pa janm lage
Lè'w ban mwen love baby
Sincerite, fidelite, afeksyon ke'm mande'w
Lè'w ban mwen love baby
Lè'w ban mwen love baby
Se tout bagay sa yo ki san ou mwen pa ka viv
San ou mwen pa ka viv
Baby san ou mwen pa ka viv
m'ap pase rad w'ap lesiv
w'ap lave diri
M'pran pilon'm pile powo m'pile siv
Respè'm ba'w fè'm pa nan triche avè'w
Devan zanmi devan fanmi'm pa nwi'm afiche'm avè'w
Lanmou'm pou ou se on santiman fondamantal
Ki fonde ak ki fonde ak nanm e ki fonde ak mantal
Nan kè'm mwen chase hèn ak jalouzi santiman sal
Kounya'm vin romantik e'm vin trè santimantal
M'chwazi mete lanmou kòm boustè
kouran jalouzi vin febli santiman'm pou ou
Mwen prè pou'm antre menm nan lanfè
Depi'w avè'm mwen dakò tout sakrifis pou ou
Ou se fanm mwen nonm mwen
Feblès mwen fòs mwen
Richès mwen oh non non non
Ou se trezò mwen mwatye mwen
Avni mwen
Lanmou mwen
Lè'w ban mwen love baby
Sincerite, fidelite, afeksyon ke'm mande'w
Lè'w ban mwen love baby
Se tout bagay sa yo ki san ou mwen pa ka viv
Mwen pa ka viv
Mwen pa ka viv non non non
San ou mwen paka viv
San ou mwen pa ka viv non non non
San ou mwen pa ka viv
Spécial tu es




Roody Roodboy feat. Rutshelle - Fòk Tèt ou la
Альбом Fòk Tèt ou la
дата релиза
17-11-2016



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.